Chwazi rad maryaj ou,sou fòm kòw

Sak pi enpòtan lèw pral chache rad se gade ki fòm ou genyen,chwazi rad la sou fòm ou pa pran rad la pou renmen oubyen pou bèl epi li pa fèw byen.Pouw jwenn rad maryaj ki sanble ak ou epi kap fèw siblim,fòk ou pa konsatrew sou yon sèl modèl,pouw asire w ka glise nan yon rad ki adaptew tankou yon gan,se pou fleksib,toujou eseye chak rad wap jwenn sou wout ou,pa di li pap fèw byen sèl gadew gadel.

1.Fòm V
Pwofil:zepòl pi laj ke ranch,tay pa tèlman parèt,anba fen
Rad ideyal la sa:yon rad san manch fòm bato pa anlè epi anba ak anpil volim,rad marye evaze oubyen sirèn se pi bon chwa w te ka fè.

2.Fòm O
Pwofil:tay la pa parèt anpil,epol laj menm jan ak ranch lan,ou se yon fanm plen
Rad ideyal:rad evaze ideyal,mete soutyen won oubyen kare,sil posib fè tay ou parèt,mete yon rad ki pese nan nivo vant la epi laj anban.

 

3.Fòm H
Pwofil:zepòl ak ranch menm lajè,pwatrin pi piti
Rad ideyal:yon rad ki gen kou V,mete anpil volim anba rad la,bliye rad dwat oswa twò lach.

4.Fòm A
Pwofil:zepòl etwat ke bout anba,yon ti pwatrin,yon ti gras vant oubyen san vant,men gwo dèyè,nan yon mo”fòm Beyoncé”
Rad ideyal:fòk gen plis atansyon pa anlè rad la,li tap pi bon yon rad bwode ak bretèl,rad Pwensès,bliye rad ki twòp volim pa anba lap bare fòm ou.

 

5.Fòm 8
Pwofil:zepòl ak ranch menm lajè epi tay fen,nan sans sa ou pa bezwen pran ekilib tout bagay la
Rad ideyal:siw gen yon fòm konsa,ou se yon moun ki gen anpil chans,paske ou ka mete tout kalite rad
Yon konsèy pa fè move chwa,rad paw la egziste,li ap tann ou yon kote chache toujou,fè moun edew chache