Ti konsèy pou konbat lensomni

Ale nan kabann ou chak jou nan menm lè a,menm siw pata ko gen dòmi jis al kouche pouw ka abitye tèt ou.Kouche ak entansyon plis pouw repoze ke dòmi.

Objetif ou dwe plis pou jwi silans,fenwa ak trankilite a.Respire profon epi kitew ale ak bon sansasyon kote w pap fè anyen.

Evite panse ak pwoblèm,si yo ta aktive nan tèt ou,yap pwodwi enkyetid,chimerik,kòlè oswa malèz.Bat pouw konsantre nan bèl bagay tankou:emosyonèl,yon fim romantik,yon bèl wout,yon souvni,yon istwa oubyen yon bagya ou pral mete nan lòt jou a.

Si nan 20,30 minit ou pa domi,leve al nan yon lòt chanm,fè kèk aktivite kap rann ou fatige egzanp li yon liv ki pa tèlman enteresan oubyen yon jounal ki pase elatriye.

 

Siw rive fè yon ti dòmi,men ou pa santiw dòmi menm,epi ou gen pou leve anvan lè.Menm siw santiw fatige evite dòmi lajounen ni bwe kafe oubyen bwason eksitan ki pral konbat dòmi an.Siw rèt sou de pye w pandan jounen an,lè l lannwit lap pi fasil pou dòmi.Siw paka sipote anko nan jounen an ou ka fè yon ti kabicha pou 20 minit.
Siw rive dòmi premye nwit lan,toujou kenbe menm ti trik ki fèw dòmi an pou lòt jou yo.Li pi bon pouw dòmi byen yon nwit kew pase jou,mwa,ane ap pwoblèm sa epi pran medikaman kap fè l vin yon maladi kwonik.

Emosyonèlman wap santiw pi an sekirite ak kalm lèw wè w ka rezoud pwoblèm sa pou kont ou,san se pa dwòg ki edew.Apre kèk jou w fin dòmi byen,ou wè menm pwoblèm sa retounen ankò pa enkyetew kontinye fè menm bagay la pouw dòmi.