Pigaw janm manke fil pou koud blesi kè w

Lavi a fèw mal,menm pou respire li fè w mal.Sanble moso pa moso lespri w ap kite kò a,ou santiw pap janm gen anvi renmen ankò oubyen pou lite kont move moman sa,pafwa nan wout yon moun nan vi a.

Blese a te met pwofon,tout bagay gen gerizon
Fok yon moun aprann koud blesi nan vi l,menm si pansman ki kouvri blesi a pa rive geri nèt,chak ju fok yon moun kòmanse ap goud yon sitiyasyon dwòl kite pase l,piga yon moun janm manke fil nan tiwa bifet li.Menm janw fè aranjman pou koud, ranje yon rad se konsa pouw koud vye souvni ki nan pase.

Yo pa mete pasman sou gwo blesi san yo pa koud yo anvan
Ak tan wap we jan blesi a ap geri,yon ke ki kraze pa gen pansman pou li jan nou diw la ke koud,lew chita pouw koud kè w,wap vin yon lot moun anpil bagay ap amelyore,wap konprann lavi a yon lòt jan.Yon moun ki aprann koud blese l pou kò l ap grandi,chak kalòt lavi a ban nou nap konprann plis bagay toujou,nap ka fè fas a advèsite.

Aprann koud pwop blesi w
Ap toujou gen yon fil pou koud blesi nan vi a,nenpòt nivo blesi a ta ye,fòk ou ka asirew ou ka rekòmanse tout bagay nèf ankò,menm si lavi a mete woch nan wout ou,retire woch anba sandal ou,ranje kò w pi byen konsa tou ou ka chanje sandal siw kapab bagay positif sa yo rele”vi”

 

 

Retire fil la nan zegwi a epi bal pwen final
Tankou moun nou ka jwenn sa nou vle depi n vle,sitou fi jan ti pwovèb la di a fanm se kajou pa mal pou repare.Bondye renmen nou,menm si nap soufri anpil li toujou la pou pwoteje nou epi montre n chemen si nou fè l konfyans,siw konfye nan li sa ap ede w geri blesi sa pi rapid toujou.

Retounen kwè,nan sansasyon,renmen,ak bay kè kontan nan kè ou!Toujou gen yon zegwi ak fil pouw ka koud chak kote ki kraze nan kè w,tout bagay gen solisyon siw deside fè sa.