Fiti manman mete w alamòd

Nou konnen bagay yo pa fasil,men nan chak etap ou rive nan lavi w fòk ou fè efò pou w pase l byen,sitou siw se yon fi ki ansent ou stil toujou alamòd ak bèl vant ou,sa pa vle di ou pa nan sosyete a ankò kit ou ansent nan move oubyen bon kondisyon,ou dwe jwi san kad dèyè se konsa pou sa te pase.

Ansent se pa yon eskis pouw pa abiye byen,jis wap bezwen achte rad ki bon pou gwosès sispan gaspiye kob nan bagay ou paka mete pou moman,pa achte rad mete la wap achte rad pou moman wap travèse a.
Ou ka pi bèl manman ki egziste tout sa pral depan siw vle
Evite mete rad ou konn mete anvan w te ansent lan,men siw pa wè l,misk ou yo ap ouvè
Tisi yo pral chanje fòm se poutèt sa anpil fi konn gen varis apre akouchman

 

Evite mete kilòt ak soutyen ki sere achte pi gwo tay epi 100% koton pou kò a pa irite
Li esansyèl pouw gen rad fi ansent basik ki san manch,fen ak koulè pal
Pa mete rad ki plen enfomasyon tankou:ekriti,plise,plizyè etaj,rad ak jipon.Sa yo ap fè vant lan parèt pi gwo toujou

Rad pou fi ansèt se
chemiz blan
Pantalon abako senti twal
Kolan
Top
Sandal komòd sitou pla yo bon si w prese
jakèt twal
Moumou
Ou pa gen eskis pouw toujou mete menm rad yo,lèw ansent.