Pa kite bèt yo pou kont yo lèn al nan vakans

Gen anpil jan ou ka fè pouw pa kite bèt la nan kay la pou kòl lèw pral an vankans tankou kite l yon kote yon gade bèt,kay yon fanmi oubyen yon zanmi.

Fòw panse ak enkyetid ak pè bèt la ka genyen siw deside mennenl nan vakans avèw paske se pa tout bèt ki ka jere lè machin nan ap kouri menm sil nan valis li.

 

Konpòtman ki pi komen nan tan bèt la ap pase pou kont li a rele sendwòm”inkyetid separasyon”sa vin ògmante yon aktivite Destwiksyon,salisan andan kay la,li pa manje menm jan ankò,ou ka vin jwenn li chire tout kanape a

dog-1583514_960_720

Sa pouw fè?
Aprann bèt la rete pou kont li depil piti
Pa gate bèt yo nan pase twòp tan ak yo
Si bèt la soufri enkyetid,chache fè yon tretman pou li al kay veterinè avèl pou yo ka edew
Anvanw sòti evite tout bagay ki ka fè bèt la pè tankou kenbe kle a nan menw,mete valis sou tap bèt la pa pale men li konprann tout bagay.

Fè yon ti sòti avèl anvanw kitel pou kòl
Kite jwèt pou li poul ka gen yon okipasyon
Abitye sòti avèl nan machin depi piti ou te mèt pa pral lwen avèl poul ka gen abitid