Poukisa moun ronfle?

Ronfle se yon aktivite envolontè nan òganis lan ki ka vin yon aktivite ki deranje moun ki ap ronfle a oubyen sak dòmi bò kotel la.Respirasyon se yon bagay nòmal nan fonksyon kò a sitou lè nap dòmi se yon siy ki montre ke kò a ap byen fonksyone.Dapre ekspè yo,yon moun ki ronfle modere se yon aktivite nòmal ki pwodwi nan aparèy fonik li.

 

Kòz ki pi komen yo ki fè yon moun ronfle pi souvan se:
malèz nan zò nan kran tèt la
gwose lang lan ak lalwèt la
moun ki soupe manje lou
konsime alkòl
tabak oubyen dwòg
obesite,posisyon dòmi
dòmi ak gwo zòrèy.

 

Pami maladi ki pi komen ki asosye ak ronfleman yo se tèt fè mal,depresyon,enkyetid ak iritasyon,Men si nou paka di ronfle se yon bagay ki afilye ak kèk kalite maladi,li bon pou repoze byen tou,atansyon pou sa pa tounen yon gwo maladi.