Sa gason ta dwe konnen sou fi

Nou ka gen mennaj ki pi bon nan mond lan menm ke nou ap toujou mande plis.Sa konn rive moun nan pase tout tanl ak zanmil,gen gason ki pale anpil. Tout ti detay konte. Gen kèk gason ki pa konpran yo tèlman alèz nan relasyon an yo pa konsidere ti detay sa yo ki toujou fè diferans , yo pa repèkte pwomès yo fasil.

 

Awogans: medam yo renmen santi pou yo gen yon moun kap pwoteje,men anpil fwa mesye yo tonbe nan awogans nou pa renmen sa ditou.

Manti

Pa gen anyen ki fè nou mal plis ke yon manti,Onètete se yon bagay enpòtan yon moun ta dwe genyen epi medam yo toujou kenbe mesye kap bay manti

 

 

Fè n priyorite ou

Medam yo renmen santi yo pi enpòtan pase foutbòl oubyen yon zanmi pafwa mesye yo kon distrè nan lct bagay ke pou yo bay mennaj yo plis tan.Se yon bagay nòmal ke chak moun nan relasyon an gen pwòp vi pèsonèl li men pafwa medam yo merite yon ti atansyon anplis menm siw wè yo pap pale men yap swiv.

Lè yon fi pa vle fè sèks: sa pa vle di anyen,Anpil gason bay tèt yo pwoblèm lè fi a pa vle fè sèks se pa toutan yon fi ka fè sèks li ka fatige oubyen pa santil byen,pa mande Bondye sil te pase yon vye jounen sistèm li pa aktive pou sa.
fi pa menm jan ak gason,yon gason gedwa anvi chak jou men fi pa konsa
nou espere ti pawòl sa yo itil ou.