Chokola se yon toksin pou chen

Nou men ki moun gen de bagay nou pa ka dijere byen,se preske menm bagay la pou bèt yo,se pa tout bagay chen an ka dijere rapid se pou tèt sa chokola se youn nan bagay ki ka kòz li mouri sibit.sibstans ki nan chokola ka dire jiskka 72 èdetan nan kò a,lè sa li vin akimile nan ògàn chen an ki vin fèl malad.

 

Kantite sibstans ki gen nan chokola depan de kalite ak mak kakawo a yon egzanp chokola blan preske pa genyen men ak tout sa li pa bon pou chen.

tout chen pa gen men gwosè,yon ti chen gen plis risk poul toksike pi rapid ke yon gwo chen paske yo pa gen menm kò ni menm òganis,veterinè yo plis trete chen ki toksike ak chokola ke lòt maladi.

Chocolate02

 

Ti chen ki fenk fèt yo menm yon ti goute nou pa dwe ba yo paske yo danje anpil,yap gen gwo pwoblèm.Konklizyon an se ke danje ki gen nan chokola pou chen yo ogmante chak tan chokola pi sofistike,pou evite risk la se pa ba lil ditou.

 

Si chen an ta manje chokola pa aksidan se kouri mennenl kay yon veterinè,lap konn si poul pwovoke chen an vomi oubyen fè yon lavaj pou li.

 

Efè Chokola nan chen
vomisman ak dyare se premye siy ki montre ke chen an te manje chokola epi se siy Entoksikasyon,lè toksikasyon an grav li fè kè chen an bat pi vit,se poutèt sa depiw gen yon chen fòw aprann anpil bagay sou li.