Tretman natirèl pou cheve

Gen anpil zwen ou ka bay cheve a sanw pa itilize pwodwi chimik tankou.

Tretman pou cheve
1 zaboka,1 fig mi,lwil oliv
Kraze zaboka ak fig la youn apre lòt pou yo ka byen fen apre melanje yo ak lwil oliv la.Mete l nan cheve an pou 30 minit,pre lave cheve w janw abitye lave l.Lap ran cheve a soup e idratan,fè sa chak 8 jou.

 

Pou cheve san fòs
Jenjanm fè san sikile byen,li bay cheve volim ak fòs.Wap bezwen 3 bout jenjanm.Blende l apre mete nan tèt ou kite l fè 30 minit.Apre lave l.

 

Pou cheve lis epi briye
lwil kokoye,1 tas lèt.1 kiyè kafe,1 kiyè avwan
Blende yo ansanm mete sou dife bwase l jiskaske l tounen yon krèm.Apre pase l nan tèt nou depi nan rasin jiska pwent cheve a.

 

Pou cheve sèk
lwil maskreti ak lalwa
Melanje lalwa ak lwil maskreti a bat yo ansanm apre pasel nan cheve a kite pou 30 minit apre lave cheve w.