10 Fason pou w sove maryaj ou

1. Ou sipoze renmen tèt ou anvan tout bagay, konsa tou fow kite yon ti plas pou mari w kote okenn moun pa dwe gen aksè ladan l.

 

2. Renmen jodi renmen demen pa mem renmen an, moun ou te ye nan 5 lane epa li ou ye jodi a nan 5 lane ankò ou pap menm moun jodi a.

 

3. Eseye we bon bagay yo nan mari w, plis gade sa li fè byen yo, nan yon tan wap wè w te ak pi bon gason nan mond lan.

 

 

4. Pa eseye chanje moun paske w pap kapab, devwa w se pou w renmen l

 

5. Jwa ou depann de ou menm, ou dwe ekilibre emosyon w.

 

6. si w bezwen mari w eksplike w sekrè l, fòw komanse di l pa w yo anvan nan yon relasyon pa sipoze gen sekrè.

 

7. Ou pa sipoze egoyis chache enterè youn lòt pataje rèv nou yo epi reyalize yo ansanm

 

8. Aprann padone piga w viv nan pase, siw padone wap bliye tout sak te pase epi padon se libète. Rankin pap ede w nan anyen.

 

 

9. Se pa yon obligasyon pou w ak li toutan ou dwe soti ak zanmi w ,epi li tou bezwen ti espas li sa konte anpil pafwa lè moun nan bezwen rete pou kò l.

 

10. Chwazi pou w toujou renmen, si lanmou an reyèl anyen paka kraze relasyon nou, lanmou pi Fò ke tout bagay.