Leve timoun yo tankou lidè

Pou anpil rezon yon lidè gen kapasite pou l kondwi anpil moun epi gen yon objektiv kommen, li gen konfyans ak anpil valè. Imajine jan sa ta bel si pitit ou ta rive yon lidè .Depi jodia ou sipoze fe yo kwè nan fòs yo, sekirite yo, ak konfyans yo sak pi enpotan se valè yo.

 

 

1. Responsabilite:Yon lidè pa janm kite anyen nan wout.Ou dwe aprann timoun yo pran chaj yo,depi nan kay ak devwa lekòl yo.

 

2. Onètete:Lè yon moun ap swiv yon lidè se paske li kwè nan li, ou dwe aprann timoun yo pale verite .Epi di sa yo panse, onètete se pi bon politik nan vi nou.

 

3. Respè:Yon lidè dwe respekte tet li avan apre la gen anpil respekte pou lot yo Timoun nan dwe renmen tèt li epi asepte jan l ye a, devlope konfyans,ak sekirite nan li.

 

4. Pèseverans:Yon lidè pa dwe bay vag devan yon pwoblèm, aprann li ke yon pwoblèm se yon opòtinite pou l pwogrese.

 

Lè w se yon egzanp lakay ou se pi bèl opòtinite pou w fòme yon lidè nan fanmi w,pa bliye pitit ou a se pwochen lide a.

 

2