Eskew te konnen kreson se youn nan pi bon komestik ki egziste?

Kreson pa yon senp vejetal pou mete nan manje,li gen anpil pwopriyete ki pote anpil benefis pou sante nou,kreson gen anpil vitamin ak mineral,se yon pwisan antioksidan epi li pwoteje nou kont anpil maladi si nou manje l souvan.
An nal gade kèk pwopriyete li genyen:

Kreson bon pou sèvo a
Yo toujou di nou manje fwi,vejetal pou bay sèvo a fòs,se konsa ak tout konfyans nou nan mete kreson nan lis la,konsomasyon vejetal sa pote anpil benefis nan òganis lan,li bay sèvo a fòs epi aktivive l plis.

Kreson se yon pwisan antioksidan
Se yon sous antioksidan ki ede n kenbe pou a lis,swa,pwòp,li bann yon aparans jèn,anplis li fen gen yon bon vizyon,pa janm doute mete l nan asyèt ou.

8332688281_f92730dfe5_b

Li pa gen anpil kalori
Anplis tout benefis kreson genyen,li pa fè nou gwo,paske l pa gen anpil kalori,nan sans sa nou ka manje kantite nou vle chak jou
Se yon gwo pwotekte kont kanse

Syantifik yo konfime chou,bwokoli,ak kreson kom vejetal ki redwi risk kanse
Kreson bon pou timoun
Nou konn sa deja li difisil pou timoun manje vejetal,kreson se youn nan vejetal ki ka ede yon timoun grandi epi patisipe nan developman l paske li genyen:fè, zenk, kalsyòm ak mayezyòm ak vitamin C, K, E, B1, ak B6.Blende kèk fèy kreson nan ji prefere yon timoun sanl pa konnen pou sil pa vle manje l konsa.
Kreson bon pou anpil bagay menm pou fi ansent paske li gen asid folik ki itil pandan ak apre gwosès,pa janm rate mete kreson nan asyèt nou.

watercress-2148556_960_720