Pa neglije itilize ji kokoye

Nap rakontew kòman pouw itilizel

 

1.Ou ka ranplasel pou dlo lè wap fè yon diri oubyen soup,mete ji kokoye a nan plas dlo ou ta sipoze mete nan manje a siw pa santiw ka itilize tout ji kokoye sa ou ka mete 1/2tas dlo ak yon 1/2 tan ji kokoye,ou ka fè ji blede avèk tou.
2.Anpil fwa nou gen tèt fè mal se yon desitratasyon avèk nivo potasyòm nou ki desann,pa neglije bwè ji kokoye li plen ak potasyòm fè sa anvan domi metel nan ji wap bwè a.

 

uii

 

3.Li pran swen po ak visaj.li retire tach nwa,li bon pou po gra epi li se yon ji idratan pou po.

 

4.Siw gen pwoblèm laktoz epa tout lèt ki fèw byen ou pa ka pran nenpot lèt men ou ka bwèl pou edew,li pa gen anpil kalori ,li san kolestewòl epi li genyen yon tikal grès.

 

unnamed

5.Li idratan anpil sitou moun kap fè egzèsis chak jou yo, dlo kokoye se yon chwa ekselan pou idratew.
ranje kòw pou jwi benefis ji kokoye yo genyen.Eseye apre wa bann repons