Lide ki pral ede w pèdi pwa epi di orevwa ak anvi

Bagay sa yo pa sèlman ap fè w byen,yap ede w pèdi pwa tou,menm si nou konnen se yon bagay ki pa fasil fòk gen anpil detèminasyon ak objetif.

 

1. Imajine w se yon bouton pòz
Chak tanw ta gen anvi manje nenpòt 3 bonbon kotew chita a peze bouton an,si lè pouw dòmi rive pa gen anyen ki nan tèt ou se fè wout kizin peze bouton an,depiw ta vle manje depase sa pouw manje peze bouton an,reflechi anvan chak bagay ou gen pou fè,pa kouri di tikal sa pap gentan fèm anyen,men eskew pa gentan bwose bouch ou pouw dòmi?li pa janm fasil pou n swiv yon bagay ki bon,men lavi a mande poun goumen ak tout sa kap rale l dèyè.

 

20151231+Healthy+Eating

 

2. Sispann manje sak pa bon pou ko a
Lèw jwenn yon bagay kap fèw pi gwo evite manje l,li gendwa yon bòl fritay,sirèt,chokola,bonbon aprew fin manje,ou pa grangou vre non ou jis manje yo pou anvi,siw ta vle pase yon bagay nan bouch ou solisyon an se pran yon pòm,kawòt elatriye ki pap deranje rejim wap fè a.Manje sa yo pa sèlman bon pou kò a,men yo pa menm jan ak chokola,fritay ki pral fèw manje yo san rete epi kap gwosi w.

 

3. Pa refize okenn manje
Youn bagay ki monte nan tèt yon moun kap fè rejim se pa manje,se pa solisyon an sa,sak enpòtan se pa manje anpil,epi chwazi lè pouw manje pou w ka gentan fè dijesyon anvan w dòmi,bwè anpil dlo.

 

4. Pa manje grès nan maten
Li te mèt ze fri,anvan nenpòt bagay bat pouw bwè dlo,li tap pi bon yon asyèt fri nan maten ke yon asyèt espageti sitou pou moun kap pèdi pwa yo.Pafwa nou konfonn swaf dlo ak grangou,yon lestomak vid, men idrate se sa nou reyèlman bezwen.

 

breakfast-697243_960_720