Padon pi bon pase revanj

Moun nou rive fè konfyans vini moun nou,men anpil fwa lavi a jwe mal pou nou,li mete n devan sikonstans ki di anpil kòz sitiyasyon ki presante ak moun nou renmen an oubyen nou te mete konfyans ak respekte.Pafwa moun sa konn fè n yon bagay ki mal nou pata panse

Moun sa fè yon move aksyon,jwe mal,ki fè n vin pèdi tout kanfyans nan li,kote andedan nou eksite vye santiman, kòlè ak
panse negatif kont moun ki fè n mal.

Padone, bliye, oubyen tire revanj,saw tap chwazi?

Padonnen se santiman ki pi nòb,men li difisil pou reyalize,bliye pa egziste,revanj se plezi pou fè moun nan peye menm sal te fè a oubyen pi mal,revanj se yon zouti ke nou itilize poun santi n satisfè.

 

 

Revanj lan toujou paret pi atraktif,anvi vanje volè enèji nou te gen poun itilize poun netwaye ke n.Menm si sa, kòlè a, doulè ak soufrans moun sa fè n pase,nenpòt kalite nivo revanj sa ta ye,se yon bagay ki ka vire kont nou.Bagay yo pa janm sòti jann panse l la

 

Yon revanj ka afekte ekonomi oubyen fanmi ak repitasyon yon moun,depi l grav menm lanmò li ka lakòz.
Ann chache padone pa fè mal.Bondye ap rekonpanse l