Konstwi epi viv yon maryaj ak kè kontan

Jwenn lapè ak trankilite lakay ou se yon bagay ki fasil depi w vle.Apre yon jounen nan lari,fè yon jan pouw rive lakay ou san strès ak fatig kite yo devan pòt la anvanw antre paske andan gen yon bèl fanmi kap tann ou,anvan tout bagay piga limen televisyon an,ou dwe chita epi kòmanse ap poze kesyon kijan jounen an te ye,travay,lekòl elatriye epi ou menm ou rakonte kijan pa w la te ye tou nan sans sa mari w oubyen madanm pitit ak toujou gen swaf pou yo rèt tann ou vini konsa yap kontan wèw chak jou.

Siw vle konn sekrè pou kè fanmi w toujou kontan kontinye li

1.Tankou paran nou dwe konnen premye jès lanmou pou bay timoun nan se nou menm,se poutèt sa li enpòtan poun fonde yon bon relasyon ak moun ou avèl la,pou l baze nan respè,enterè nan aktivite lòt la ak anpil lanmou.

2.Etenn televizyon an ak entènèt la
Separasyon ak indiferans nan fanmi an pwovoke pa de aparèy sa yo:televisyon ak entènèt,si nou pa deside bay tan pou fanmi an lap kraze epi bagay sa yo ap toujou la men yon fanmi pa fasil poul fonde nou dwe jwi chak moman ki ladan epi fèl fleri pou lavi.Apran timoun pou yo kite yon tan pou fanmi an pale san entèripsyon telefòn,òdinatè ak televizyon.

3.Pase plis tan ansanm
Nan tan sa anpil moun bliye bagay reyini ak fanmi an,pa gen eskis nan sa se jis se tan nou pa bay,fanmi se mèyè bagay kite ka egziste men san kominikasyon li pap kanpe,se pa yon kesyon map travay pa gentan pou timoun yo apre sa timoun nan gendwa vin rayi w piske ou pat janm la pou li,se ak moun li fè plis tan lap abitye lajan pa fè bonè.

 

4.Yon fanmi ki manje ansanm ap rete ini
Manje sou tap ansanm se yon bagay nou wè ki preske pa alamòd ankò,li te mèt paka chak jou li te mèt de fwa nan semèn nan kreye yon jan pou fanmi an manje ansanm epi fòk moman sa respekte tout telefòn dwe femèn oubyen rete nan chanm se yon moman espesyal poun ka pote atansyon ak sa lòt yo ap di.

5.Pwoblèm yo
Tout moun gen pwoblèm nan travay,lekòl,kay men pa gen rezon pou nap pote pwoblèm yo tout kote nou prale,ou ka plante yon ti pye bwa nan lakou a oubyen devan pòt la di tout moun sa anvan nou antre nan kay la kite pwoblèm nou yo deyò tanpri,konsa na kreye yon anviwònman lapè ak lajwa.

Ti konsèy sa yo ka chanje vi w,sitou ou menm kite toujou reve yon fanmi ak kè kontan