Pa bay tèt ou pwoblèm siw gen yon bèt malad,jis aprann kijan pouw bal remèd

Nou tout kap viv ak yon chen nou wè janl difisil pou ti zanmi sa pran medikaman.Si w se yon moun kap afwonte pwoblèm sa pa sispan li ti konsèy sa,nou espere ak ti konsèy sa yo,ou rive bal medikaman.
Li enpòtan pouw pa pe ni strese lèw pral bay bèt la medikaman,siw desespere oubyen neve chen an ap santi sa,lap vin difisil pouw kontwolel.

Esye fè kòmsi mete yon ti bout nan bouch li,apre mete yon lòt ti bout lap kouri pranl,pa bal tan kouri mete lòt ti bout la.Sa se yon opsyon ki pi fasil pa bliye si chen an pa renmen sak nan bouch li a lap jete l,bèt toujou ap santi manje anvan yo manje pi souvan depi yo detekte sal ye,yo pa manje,se poutèt sa kouvri manje a ak yon ti mozo fwomaj,sousis,yon ti mozo poul bouyi sere grenn nan ladan yo,fèl ak sal pi renmen an,sa ap fèl manje l sanl pa rann kont asire w ke se ti mozo fen yo ye konsa chen an pap nan plede moulen jiskaske poul ta pran gou grenn nan.

unnamed (7)

 

Yon lòt bagay ou ka fè ankò se kraze konprime a epi bwazel nan manje l la,konsa tou ou ka fonn li nan dlo epi ba lil ak serenk anvan tout bagay konsilte yon veterinè.

 

Yon lòt fason anko ki parèt konplike se itilize fos.Fòse poul ka fè mye se ouvè bouch li epi lage gren nan gòj li femèn bouch li poul pa jetel evite pou ni li ak ou pa plese,nou panse poul vale grenn nan ap fèt fasil,sil ta rive pa valel pandan w femèn bouch li a bay gòj li yon ti masaj sa ap fèl valèl.
Nap tann mesaj ou,pouw din kijan sa te pase pou ou.