Diferan fason pou mete tablo dekoratif

Dekorasyon andan kay nou pi souvan fèt ak penti oubyen foto ki vin fè yon sèl ak penti a ki fè nou vin wè kay la bèl,li komen anpil poun mete nan mi salon,chanm,kizin tout sak fen plezi

Koke tablo nan yon kay ka rive yon egzèsis konplike sitou lè pa gen gason nan kay la,pafwa ou fin mèt tablo a ou toujou wèl kwochi.

Kreye fòm jewometrik
Jan sa pou mèt foto nan kay la,se yon fòm klasik ki mande yon ti oganizasyon.Lide a se pou w koke tablo a nan jan tradisyonèl la,men ak yon objetif poul rive nan yon fòm jewometrik.

Vètikal oswa orizontal
Anpil tablo byen koke,ap gen yon gwo rektang oubyen yon liy vètikal nan mitan mi a.Lide ak enterè teknik sa a se kreye yon anviwònman espesifik ki pral bay dekorasyon yon distenksyon.

245-img_3947-30bfdab83cc260b1

Pandye yo yon fason diferan avèk yon baton
Pi souvan nou itilize klou
Chache altènativ orijinal pou n fè menm bagay la,chak moun ap imajine gou yo

Mete yo
Yon lòt bèl jan ankò nou ka mete tablo yo se sou etaje,nan sans sa nou ka kreye imaj,kote tablo a pap gen poul rete nan mi an,se yon fason sou etajè ki pi senp pou mete tablo,epi li pi vizyèl.

Sèvi ak tout mi an
Yon lòt klasik dekorasyon ankò se itilize tou mi yo,konsa nap kouvri pifò pati nan mi an ak apil tablo poun ka fòme yon galeri vètikal.

enmarcados_cuadros