5 tretman kosmetik ou ka fè ak sitwon

Sitwon rich nan asid òganik,lwil esansyèl ak antioksidan,se yon manje asid ki ka pwoteje kò a kont divès kalite maladi.

1. Tretman pou tach ak sikatris

Vitamin C sitwon genyen an sèvi tankou eklèrsisaj ak gerizon ki fè po a parèt lèd,se pou granmesi yo di pase remèd sa yo nan nwit paske,siw pasel lajounen apre wal nan solèy lap pwodwi efe negatif.
Engredyan
2 kiyè ji sitwon(20 ml)
2 kiyè lwil oliv(32 g)
Preparasyon
Melanje lwil oliv la ak ji sitwon an byen
Kijan pouw itilizel?
Anvan w al dòmi,fwote remèd sa kote ou gen tach ak sikatris,kite repoze pandan 20,30 minit apre rezen ak dlo tyèd,fè sa 2,3 fwa nan semèn nan,apre yon ti dlo tyèd toujou bat pouw rensel ak yon ti dlo frèt pou po yo ka fèmen

2. Tretman pou bouch fann

Pouvwa antiseptik ak antibakteri li genyen an ka itilize pou anpeche pwoblèm sa nan bouch,li ka diminye eske selil ki mouri,gras ak vitamin se lap akselere rejenerasyon po a

Engredyan

1 kiyè ji sitwon(10ml)
1 kiyè lwil kokoye(5g)
Preparasyon:
Melanje lwil kokoye a ak sitwon an

Kijan pou itilize l?
Pran pwodwi a ak pwent dwèt ou epi pase sou bouch la,kitel fè 20 minit apre rensel,fè sa chak swa

3. Tretman pou cheve gra

Sitwon an gen asid ki ede regilarisye PH cheve a pou diminye kantite grès ki gen nan cheve a,pwopriyete li yo aktivite glann sebase epi kite frèt la fre ak pwoteje.

Engredyan

5 gwo kiyè ji sitwon (50 ml)
5 gwo kiyè ji konkonb (50 ml)

Preparasyon

Melane ji an sitwon ak ji konkonm nan jiskaske yo omojèn

Kijan pou itilize l?

Separe cheve a an plizye mèch epi mete treman nan tout rasin nan,kitel fè 40 minit epi renze l

descarga

4. Tretman pou koud ak jenou

Pou aksyon aksyon ak èksfolyan li genyen se youn nan pi bon tretman pou redwi tach nwa ki nan koud ak jenou.Pwopriyete li yo adousi po a epi retire selil ki mouri kite akimile nan zòn sa yo.

Engredyan

1 gwo kiyè sik(10 g)
3 gwo kiyè ji sitwon(30 ml)

Preparasyon

mouye sik la nan ji sitwon an jiskaske ou jwenn yon èksfolyan

Kijan pou itilize l?

Fwote èksfolyan sou jenou ak koud la yon fòm sikile selil ki mouri yo elimine,kite fè 10 minit apre rense l,fè sa 2 fwa nan semèn nan.

5.Tretman pou konbat tach nwa

Pwopriyete antibakteri sitwon an bon pou konbat tach nwa nan figi.Konpoze li yo ede redwi gwosè po ki dilate yo ak elimine sak pa bon nan yo a.

Engredyan

3 gwo kiyè ji sitwon (30 ml)
1 glè ze

Preparasyon

Melanj ji sitwon an ak glè ze a nan yon bòl.

Kijan pou itilize l?
Pase melanj lan nan zon ki afekte nan figi a,kitel fè 30 minit apre tan sa rense l ak dlo frèt,pase krèm idratan,fè sa 2,3 fwa nan semèn nan.

Eske w vle fè sitwon zanmi ak bote w?

spa-2422421_960_720