Pèdi pwa ak kaze vant nan 5 jou ak resèt avwan

Si w kenbe rejim sa,ou ka rive pèdi 4 oswa 5 kilo nan 10 jou.Gen kèk nan manje yo konseye pou akonpaye rejim alimantè sa a,se legim fre ak fwi,pa manje anyen nan mamit,pa bliye manje nwa,zanmann,espageti vejetal,toujou bwè anpil dlo.

Preparasyon:

Melanje 3 gwo kiyè farin avwàn fre ak yon tas dlo frèt oubyen cho
Pa mete zik
Siw paka manje nan fason sa a,mete ti siwo myèl natirèl ladan
Manje maten:
Bwè yon vè dlo ak ji sitwon anvan w manje nenpòt bagay la nan maten
Rete tann 30 minit epi manje yon tas fwi (papay, frèz, zoranj, anana, gwayav oubyen rezen)

Apre 5 minit,manje avwan nan

fruit-2305192_960_720

 

Midi
Salad ak legim fre nan sezon an
Nou rekòmande pou manje bwokoli, seleri, epina, leti oubyen tomat
Simen sitwon sou yo,lwil oliv
Zon de zè
Se moman ki pi fleksib nan rejim nan,se pa poutèt sa pou al manje yon asyèt diri,manje yon bagay nitritif tankou pwason anba fou ak vejetal,yon sandwich vejetal,yon moso poul griye,ou pa dwe bwè okenn bwason ni manje bagay dous ke dlo.

Goute:
Li ka yon pòm,yon pwa oubyen yon pèch

Dine:

Prepare avwan nan ankò. Si w santi w grangou,pran yon tikal anplis
Ou ka fè rejim sa padan 3 mwa,siw koupe l nan wout tann yon dimanch oubyen lendi pou w rekòmanse l
Si w santi w fèb kanpe sou li,cheke doktè w

343470-svetik