Bagay ou paka manke lakay ou kap pote lapè

Dezòd nan kay la ka afekte pa twa bagay

 

Relazyon fanmi an
Relasyon ak zanmi
Relasyon ak vizitè

 

Li enpòtan anpil poun konnen kisa ki afekte lapè nan kay la.Lè gen pwoblèm nan kay la,premye sa poun chache fè se solisyonel,kay nou dwe yon bagay ki pi enpòtan nan vi nou.

 

Enpòtans lan se pa yon bèl kay ak dekorasyon sèlman,li dwe yon kote ou ka akeyi moun epi dòmi byen
Kay la dwe toujou pwòp ak tout bagay ranje nan plas yo,se yon bagay nòmal apre yon jounen travay fatig,lèw rive pouw jwenn tout bagay gaye sitou siw gen timoun,ou vin fache anpil kont timoun,mari,moun kap travay elatriye se pa solisyon an sa.

 

interior-1336161_960_720

 

Poutèt sa nap bezwen kreye yon kilti lòd ak respè nan chak kwen,chak sa kap fèt nan kay la dwe gen yon lè poul fèt ak yon jou pou okenn moun pa retire lapè lòt nan degaye.

 

Salon an dwe toujou byen ranje san anyen pa gaye ladan paske si gen yon moun ki vini premye kotew pral dil antre se nan salon,sil pa ranje ou pap menm sonje anplis de sa fòn flite santi bon nan kay la sitou nan salon an poul ka toujou gen bon sant se yon fason tou pou n resevwa visit nou yo ak plis trankilite.

 

Lòt kote ki pou toujou pwòp se douch ak chanm yo tou de sipoze toujou pwòp,tout bagay dwe nan plas yo poun pa plede ap deranje kay la,ou ka mete flè tou nan douch la,poun byen diw bèl ti po flè atifisyèl,chanje sak zòrèy chak 2 jou,pa lage rad sou kabann nan ni soulye gaye tout kote.

 

bano_c_35

 

Pòt yo bare anpil pousyè ak fatra ki ka antre nan kay la men sa pa vle di genyen ki pa antre,anba pòt la toujou gen ti pouzyè kap antre se poutèt sa nap bezwen mete yon bagay pou barel.

 

toujou sonje pi bon jan pou gen lapè lakay ou se fè tout moun eseye fè travay yo pou kò yo,epi respekte kilti lòd la,ak anpil konpresyon epi lanmou.