Pantalon chire pa ale tout kote

Jodia nou vin fè yon ti pale avèn sou stil pantalon ki ap mennen nan moman an,wap jwenn gen anpil moun ki renmen yo konsa tou gen moun ki pa vle yo.

 

Mezanmi an fè yon ti reflechi nan tan sa fò tèt nou sou zepòl nou,gen anpil bagay kap vini ki alamòd men tout pa tèlman fè sans paske nou pa atis nou paka mete nenpòt rad.

 

Pantalon chire a se pa anyen li genyen men se pa tout kote li ka ale menm siw ta metel ak yon chemiz oubyen talon
gen kotew prale li pa fè sans,fòw byen presante w anvan tout bagay.

 

Travay:Li te mèt yon vandredi li pa fin tèlman fè sans pouw al travay ak yon pantalon chire sitou si wap travay nan yon biwo,moun pa bezwen wè koulè kwis ou,ou ka toujou fè menm jan ak lontan yon pantalon abako nòmal ak mayo,patwon an pa oblije ap gade pow,prestans lan konte anpil epi se pa metew alamòd kap fèw pi bèl,se saw mete sou ou a ki pral di saw ye menm si pafwa ou pa movè moun men janw kenbe kòw trayiw.

 

girl-1848953_960_720

Legliz:Menm si patalon an se yon sèl ti chire li genyen nou pa dwe pranl pou yon rad poun ale legliz ,li te mèt ak nenpòt saw metel la paske tanp Bondye dwe respekte.
Entèvyou:lèw prale nan entèvyou pou yon travay oubyen anbasad:rad wap mete a enpòtan anpil paske se premye sa moun nan wè a lap kenbe fòw byen parèt pou moun pa gen dout sou ou.

 

Fèt:Se pa nan tout fèt ou ka mete stil pantalon sa yo menm si se yon fèt kap fèt lakay ou sa pral depan ki fèt li ye,chak fèt gen rad yo.

 

Soti ak mennaj ou:Nou konnen se mennaj ou,ou abitye avèl men ou dwe konfòmew byen lè wap sòti avèl pafwa moun nan konn pa diw kotel pral avèw se yon sipriz,lèw rive kote a gendwa se sèl ou ki abiye konsa nou pa kwè wap santiw byen.

 

Nou konnen stil patanlon chire sa yo bèl anpil se pa tout ki twò chire menm si sa yo pa ale tout kote,panse sou sa nap wè.