Kijan yo pran swen timoun?

Pran swen yon timoun se yon chanjman enpòtan nan lavi jèn adolesan,se yon travay ki gen anpil preyokipasyon,ak yon ti planifikasyon yon ti kowòdinasyon,aktivite sa a ka agreyab epi pwofitab.

Konvèti yon asistan pou manman:gen peyi se kou yo bay pou moun pran siveye timoun epi siw pa gen sètifika sa,ou pap kapab fè travay la,kòm peyi pa nou diferan,men gen bagay ou ka pwofite de yo tankou:si w pwòch moun ki gen pitit pote atansyon nan tout sa lap fè pou timoun an,konsa wap rive konn tout bagay pou pwoteje ak pran swen yon timoun.

Kreye yon orè:ranpli yon kalandriye ak tout jou lib ou ak lè yo;konsa lè yon paran rele w pou w siveye yon timoun,wap gentan konnen egzakteman lè wap disponib.Ou ka kreye pwòp travay ou,fè kat bay moun ou konen ki gen timoun,lè yap sòti ou pa janm konnen yo ka relew vin siveye l pou yo.
Fè bri:pa kite moun baw pri,ou gendwa touche pa lè oubyen pou chak timoun ezanp Etazini se 7,12 dola chak lè,sa kote a tou,gen moun se yon sèl bri yo fè pou kantite timoun yap siveye a.

Kreye yon lis enfòmasyon sou sante ak sekirite:ou pa janm konnen sak ka pase,gen ti bagay bazik ou dwe konnen.Ou ka enkli bagay sa yo tou:

Estasyon lapolis
Nimewo ponpye
Nimewo anbilans
Nimewo paran timoun nan pou si gen ijans pou rele yo
Nenpòt lòt telefòn ki enpòtan
Konnen limit ou:pa antre fè saw vle nan kay moun yo lè yo pa la,respekte limit ou fè kòmsi yo te la,ou pa janm konnen ka gen kamera nan kay la,pa manyen manje yo,si wap pase anpil tan ale ak manje w.
Anvan nenpòt bagay pose tèt ou kesyon sa yo
Ou renmen pase tan ak timoun?
Eske w prepare pou siveye timoun?
Eske w konnen sa yon timoun piti bezwen?
Sa w ka oufri timoun nan ak tout fanmi l?
Konbyen tan w panse wap pase ak timoun sa?elatriye