Eseye fè chanpou sa lakay ou,lap fè cheve w pouse anpil

Jwenn yon chanpou natirèl se yon bagay ki preske enposib,ke pou w ap ekpone cheve ak pwodwi chimik ou ka prepare pwòp chanpou natirèl ou epi jwi benefis li bay yo sa ap fè cheve w pi ansante ak aktive l pouse.

Nan komansman li ka parèt yon ti jan ras paske li pap kimen,men lè w fin abitye sa pap anyen,wap sezi dènye rezilta yo

Chanpou bikabonak pou kwasans cheve
Bikabonak
Dlo
Vinèg pòm

 

Mete yon ti bikabonak ak dlo a nan yon veso,egzanp si w gen cheve long mete 4 kiyè bikabonak ak 12 kiyè dlo
Mouri cheve a epi aplike l ladan depi nan rasin jiska pwent kite l fè 3 minit apre sa rense l
Li pap fè kim

Aprew fin byen lave cheve a,rense l ak dlo vinèg pòm,kage tèt ou pa dèyè pou evite dlo vinèg la tonbe nan je w,apre sa kite cheve a chèch pou kòl.