Kijan pou fè pye w lakay ou

Li tap yon bon opsyon siw reyini ak zanmiw lèw pa gen kòb poun fè pye youn pou lòt,pran kayew pou w ekri.

Sa nap bezwen?

1.Yon kivèt ak dlo tyèd
2.Asetòn
3.Bwòs
4.Ròch pou foubi pye
5.Koton
6.Lim
7.Savon
8.Tay zong
9.Sèvyèt
10.krèm pou talon
11.Bas
12.Kitèks
13.Pens

Pwosesis:
mete pye a tranpe nan likid pandan 25 minit jiskaske talon pye a vin mou,apre sa foubi yo youn pa youn ak wòch,lèw fin foubil metel nan dlo a ankò epi foubi lòt la
retire chè yo,koupe ak pens rès po ki rete sou kote zong lan,bwose zong yo ak pye a
mete krèm nan talon pye a jiskaske li absòbel,pandan sa pase krèm nan rès pye a

 

mete kitèks ou pi renmen an,men anvan sa bat pouw mete bas se pa nenpòt bas kap nouri pye a.
kounyea ou pre pou itilize sandal se kòmsi w te al nan salon.