Kijan m ka fè yon bon devosyon?

Priye se manje esansyèl pou nanm nan,siw pase anpil tan ou pa fè sa wap santi w fèb espirityèl epi malad,menm si gen kretyen ki fè sa tankou manje nan yon sans mte ka diw 3 fwa nan jounen an,gen lòt tou se 2 fwa yo fè sa,konsa gen lòt se chak dimanch.Eskew ka viv siw manje 2 fwa nan semèn nan?,Kijanw ka viv san vi espirityèl ou pa nouri?
Konsèy pou yon bon devosyon

1.Pran yon jou,fiksel pou devosyon epi abitye tèt ou ak li,pa di wap priye nan jou lib ou,paske ou gendwa pa janm gentan nan jou lib sa,siw pwogram ak respekte chak jou ti moman pouw priye a lap pi fasil,aprann respekte chak tanw gen pou Bondye.

2.Chwazi bib oubyen chan w epi fè devosyon jiskaskew fini,si se chante wap chante fèl byen,ou pa fèt pouw ouvè liv sa yo pou gran mesi,li bib la tankou yon lèt damou.Bib se yon lèt damou Bondye ekri nou,lil avèk trakilite

3.Chwazi yon kote espesyal nan kay la,kote bri pa rive pou pa deranjew,yon kote wap toujou rankontre ak Bondye,sa ap edew anpil pouw pa distrè nan chache kote pouw priye.

4.Fè yon lis,ekri tout sa wap bezwen tankou:Yon Bib,kaye,kreyon,tay,toujou sere yo kotew fè devosyon an,depiw gen tout bagay bò kotew ou pa bezwen nan leve al chache anyen siw ta rive bliyel,konsa wap konsantre nan komisyon Bondye ap pòt pou ou a.