Kouman pou netwaye plimo ak penso makiyaj

Aprann netwaye zouti makiyaj ou yo,konsa ou pap janm gen pwoblèm sa yo.Kontinye li wap wè kijan pouw fèl
Kouman pouw netwaye zouti makiyaj ou yo?

Netwaye yo apre 2,3 sèvi,kòm baz la gra anpil lave l ak likid,yon lòt opsyon ankò se lwil oliv kap retire grès la.
Kouman pou netwaye zouti makiyaj ki gen plim natirèl yo?

Se yo menm ki itilize nan pwodwi an poud tankou:poud solèy,do je elatriye,yo merite netwaye yon fwa nan semen nan ak chanpou pi devan nap pale plis sou sa.

kouman pou netwaye sak gen cheve sentetik?
Yo itilize yo pou pwodwi likid tankou:fa,baz elatriye,netwaye yo ak savon san pafen,si yo sal anpil lave yo ak likid,lwil oliv

Kote yo van makiyaj nap jwenn pwodwi poun lave zouti yo,yo preske bon pou nenpòt kalite,men se yon bil anplis,panse anvan w achte
Kouman pouw netwaye zouti makiyaj lakay ou etap pa etap?
Mouye yo oubyen mete yo nan yon ti veso ki gen dlo,sak enpòtan se poul mouye byen mouye,si se ak lwil oliv wap netwaye zouti makiyaj yo,ou pa bezwen fè sa.

images (2)

Mete yon ti likid nan men w,pa anpil jis yon tikal,yon gout sifi,pase pens ak bwòs yo nan pla men w,ba yo yon ti masaj konsa likid la ap netwaye yo andan tankou deyò,fwote yo jiskaske kim nan chanje koulè.

Fè sa jiskaske kim nan sòti pwòp etap pa etap wap wè kim nan chanje koulè,lè sa rense men w,apre mete yon ti gout likid ankò fè menm bagay la jiskaske zouti yo 100% pwòp,kouyea ou ka pase nan dènye pati a.
Rense yo,kwoke yo tèt anba,ouvè plim yo,kite yo nan pozisyon sa jiskaske pa gen yon gout dlo ki rete.

Kouman pou seche yo?
Gen moun ki seche yo tèt anlè,se yon gwo erè paske dlo a ap antre nan manch pens lan epi li pral defòme l,pi bon jan se kouvri yon bouchon ak papye ki ka absòbe dlo,li gendwa paye ijyenik,napkin elatriye.Apre sa mete zouti makiyaj yo sou li kite yo pou tout apre midi a sou li.

Ou jis netwaye Zouti makiyaj yo,epi enm kote a ou vle sèvi ak yo.Kite yo fè 10,20 minit nan solèy pou yo ka sèch