Zanmi ak ansyen mennaj ou ka yon danje,pansel byen

Menm si anpil lane ta pase ou toujou ka santi”li se pou ou oubyen li ka santi ou pou li tou”se yon bagay ki difisil pou fè diferans lan.Konsa ou gendwa pa vle blesel siw dil ou pap ka zanmi avèl,se pa responsabilitew pouw pran swenl anverite sipò wap ba li yo ka fèw santiw mal,pito w konnen li gen yon lòt moun kap fèl santil byen ke ou rete ap fè tèt mal.

 

Ou ka panse l pap janm kontan sil pa avèw,siw zanmi avèl wap toujou fè kel kontan men nan fiti wap enpozel jwen moun ki renmenl vre a,kèl pap janm kontan se jis zanmi nap ye li pap menm jan lèn te renmen,pigaw bat pouw kanpe nan mitan jis kitel ale.

 

Atansyon gen asyen mennaj ki rive zanmi men se lè chak moun deside rankontre yon lòt moun nan vi yo oubyen yo deside ki stil de moun yo vle.Ou bezwen plis rete nan solitid apre yon separasyon pouw ka konn kiyès ou ye vre,li yon liv,chache Bondye,patisipe nan aktivite,fè egzèsis.Nan moman separasyon an gen yon vid ki ap fè anpil tan anvanl plen,siw pouw kòw nan yon nwit se ak ansyen mennaj ou wap plis anvi pale ke pouw sòti wal gad yon fim oubyen al rekonèt lòt moun.

 

 

Pou nenpòt rezon nou ta kite,pafwa nou konfonn epi nou kwè fwa sa ap gen yon bagay diferan,gen kèk fwa esperyans pou rekonsilasyon a kon fonksyone epi moun nan chanje men pifò fwa yo se yon fantezi.

 

Sa konn rive ou pa vle fè zanmi ak moun nan,ou ka pè poul pa tire revanj sitou si moun nan te jalou oubyen posesif
Si ansyen mennaj ou toujou renmenw ou menm non,pi bon bagay ou te ka fè se kitel ale,pase tan avèl se fò espwa wap bal paskew konnen ou pap janm retounen avèl vre,wap vin sòti ap fèl soufri ak injistis.

 

Ou toujou zanmi ak ansyen mennaj san okenn entensyon?