Ki odè chat rayi ?

Sistèm olfaktif ede bèt la poul ka pran sant lènmi li yo epi detekte danje ki antourel.Chat yo konn fè kèk grimas,men sa pa vle di se sant li rayi a li pran.

Nan nesans li,menm anvan l louvri zye nenl mennen l kote ki gen manje a.Sa fè l jwenn pwent tete manmanl ki pi pre a.

Odè chat rayi yo se:
1. sitwon,zoranj
2.Bannann,pa mande si wap manjel devanl,li pap sipòte sa
3.Bwat fatra,si bwat fatra santi lap pran sant li dis fwa pi mal ke ou
4.Montad,anjeneral tout sak pike yo
5.Gen kèk savon ak deyodoran.Ou dwe fè atansyon ak pwodwi netwayaj,bwat fatra,yo ka fèl pè depi byen lwen.

cat-1087653_960_720

6.Sant zonyon oswa vinèg.
7.Fòw remake nan moun pa gen anyen ki inivèsèl,gen dwa gen chat kap sipòte sant sa yo,men yo pa rayi yo,nan lòt ka wap jwenn gen lòt ki paka sipòte yo.

8.Kòm tout bagay nan lavi se sou eksperyans yo baze,ou ka eseye fè sa ak chat ou a,pouw wè kijan lap reyaji

Nou toujou di nou sa,depi nou gen yon bèt fòk nou bay tout atansyon li merite se pa gadel epi ba li manje ki pa bon pou li,fòk nou chache konnen ki kote yo vann manje yo epi swiv sal renmen ak sal pa renmen,konsa ou pap fè twòp pale ak li lèl pa vle obeyi.