7 Fason pou redwi Risk Kansè

7 Fason pou redwi Risk Kansè

Pa fimen
Li dwòl non…malgre fimen se youn nan pi gwo kòz kansè,moun kontinye ap fimen,eskew te konnen gen 69 ajan kanserijèn nan tabak ansanm ak dè milye pwodwi chimik danjere?yo pa sèlman bay kansè,yo fè moun vye granmoun ak lèd.Tanpri,pa fimen!

Evite solèy sitou siw se yon moun kap pase krèm pou chanje koulè
kansè nan po se youn ki pi komen sitou kay blan yo,kòz li se ekpozisyon nan solèy,sak fè li pa tèlman afekte moun koulè nwa yo se paske yo gen plis melanin ke blan,men otomatikman yon moun vin ap pase krèm poul douko,lap pèdi melanin ki sou poul la,sa vin rann li ka pran kansè po fasil,toujou pase krèm anvan w soti epi ti konsèy la pa chanje koulè siw konsa se pou yon rezon siw pa konpran jodia demen wap konprann,anvan tout bagay chache konnen poukisa chak bagay bon.

 

Kontwole pwa w
Twò gwo gen yon efè negatif nan anpil bagay nan vi yon moun(fisik,emosynèl),moun ki twò gwo gen pa gen anpil chans pou yo elimine kansè,konsa yo gen anpil chans pou maladi a retounen menm si yo retire l,se poutèt sa yo rekòmande moun fè 20 minit egzèsis chak jou pou pi piti pou vi ansante.

Manje sen
Nou bezwen manje anpil fwi,vejetal tout kalite manje kri ki natirèl,evite manje nan lari,limite kantite vyann wouj,manje plis pwason
Limite konsomasyon alkòl

Dapre etid yo fè montre ke,bwè anpil alkol ogmante risk pou yon moun gen kansè
Domi byen,evite estrès
Kansè a devlope nan ogan ki desekilibre yo,se poutèt sa yon moun ki dòmi byen,ki evite estrès natirèlman se yon moun ki pi ansante ke yon lòt ki pa janm repoze ni manje byen.
Konsèy sa yo fasil pou swiv,konsa wa viv plis tan,se bagay nou konnen deja,men pafwa nou kite nou ale ak lavi,nou pa respekte sak bon pou nou,pa bliye nou ka mouri epi tout bagay sa yo rete.Pwoteksyon pa kapon