Kijan pouw kenbe fanmi w ak kè kontan?

Nan tan sa moun yo egoyis anpil,renmen lajan,yo plis renmen divòse ke yo rezoud pwoblèm nan,anpil diferans ak tan lontan.Men ou pa oblije fè pati de mond nouvo sa,gen bagay ou ka chwazi pa kite yo antre nan viw paske otomatikman yo antre se divisyon.

Enstriksyon pou kenbe fanmiw ak kè kontan

1.Pa gen okenn fòmil pou yon kè kontan 100% li te mèt nan aktivite w chak jou,fanmi w,men siw gen yon gid wap swiv ou ka jwenn bon rezilta.

 

2.Lè nap pale de fanmi,nou toujou ap imajine nan yon kay manman,papa ak timoun yo sa se yon fanmi ideyal,men tout fanmi pa konstwi menm jan,gen fanmi ki separe papa pa nan kay la konsa li ka se manman tou ki pa la,tout moun ka kontan san ke yo pa gen yon fanmi klasik.Kesyon an se chache kijan pouw toujou kenbe kè kontan epi jwi de sak bon yo.

3.Endividyalite se yon bagay ki fè moun egoyis anpil,lèw pa janm envite moun nan sa wap fè,mete kòw apa,nou pata kwè sa gen paran ki egoyis sèl tèt yo konnen menm si yo gen pitit menm yon titan yo pa pataje ak fanmi yo,sèl bagay pesonèl yap regle,timoun yo bezwen yon moun pou pataje jwa,tritès,chak ekperyans yo fè nan lekòl,inivèsite elatriye.Yon paran ki pa tande pitit li depi nan piti lap difisil pou timoun nan tandel nan adolesans,lap difisil poul konn sa timoun nan ap regle.

4.Yon bon dyalòg ak mari,madam,pitit se yon pati nan kè kontan,se pa sèlman vwa ki enpòtan fòk gentan pou yo tou