Non ti bebe an Panyòl ki enspire nan lanati

Souvan nou toujou wè moun yo bay timoun non pou bèl san yo pa konn sa yo vle di,mete sa nan tèt ou depi jodia toujou chache konnen sa yon non vle di anvan ou bay timoun nan l.

Eske w ta renmen bay pitit fi w la yon non ki gen anpil pouvwa nan lanati?
kite lanati enspirew non timoun sa yo,wap anvi bal tout non sa yo sitou yo pa komen.

1.Gaia
Se pi bèl non ou te ka bay yon timoun ki fenk fèt.Anplis Gaia vle di”Latè”

2.Flora
Se yon non ki enspire nan sezon prentan nan peyi Wom,li pote limyè,epi renouvle enèji nan kay la

child-1925451_960_720

3.Gala
Elegans ak klas,non sa enspire bote ak trankilite nan flè

4.Abril
Yon lòt bèl non ankò pou yon pitit fi epi mwa bèl tou paske se yon mwa otòn nan lòt peyi,kote fèy bwa yo ap tonbe

5.Sol
Anpil moun renmen solèy paske lè yo frèt li fè yo cho,pou kèk moun paske l ka ba yo yon pi bèl koulè si yo twò wouj,li klere epi amizan lèl leve

6.Marina
Imaje w yon bèl ti pitit fi ak tout fòs lanmè

 

7.Margarita
Li enspire de flè,yon moun ki rele Margarita se li kap prensès kay la

8.Violeta
Se yon non ansyen li ye,men li vin alamòd anpil nan peyi Panyòl yo

9.Brisa
Se yon non ki enspire nan van,lide a se pou tifi sa yon freche,rafrechi nan viw

10.Jazmín
Si pa gen moun ki ka resiste sant jazmín se konsa pa gen moun kapab resiste ak freche pesonalite sa kise”Jazmin”
Kiyès nan non sa yo ou pi renmen?