Enpòtans fib nan rejim alimantè

Fib se yon bagay ki anpeche konstipasyon,amelyore dijesyon.Jiskaprezan gen moun ki ka pa konn kisa l ye ak poukisa li bon,nou pral fè limyè pou nou.

Fib se eleman nitritif nou jwenn nan vejetal,legim,fwi ak sereyal ,yo gen orijin vejetal

Yon manje ki gen fib pa fè moun grangou vit,li ede pòdi pwa ak kontwole gwose,li diminye kolestewòl ak anpeche l,dyabèt ak emoroid,fib legim yo ede ak moun ki gen pwoblèm dijestif tankou konstipasyon,ak menm anpeche kansè nan trip si w manje l souvan.

 

fruit-657491_960_720

 

Legim,vejetal,sereyal ak fwi aji sou transpò entesten,yo bon anpil pou koumen kont konstipasyon,li konbat nivèl sik nan san an

 

Anpil fwa granmoun yo konn mal pou al nan twalèt ak dijere byen,pafwa tou se fwi yo manke manje oubyen yo pa manje l ditou,ankouraje manje yo paske ou paka viv san w pa manje fib ki bon pou òganis lan fonksyone.Pa sèlman granmoun yo nenpòt kalite moun sa ka pase,pa neglije manje fib.

descarga (8)