Fè kè w kontan, ou merite l

Gen yon lòt bagay kap pase,ou bliye siw dwe fò paskew fèt fanm,menm si gen bagay ki double w,tonbe sou ou,ou dwe leve kanpe,pa janm

rete poukont ou se pa yon gwo pwoblèm jann panse a,pafwa w gendwa jwenn yon zanmi apiyew,lòt fwa okenn moun pa sou ou se lè sa ou antre nan solitid,tristès yo fin ranpli kè w ak lespri w.

Ou dwe konnen gen yon moun bò kotew nan moman difisil se pa yon bagay ki telman enpòtan paske chak fwa w tonbe nan solitid ou dwe pran fòs ou pou kòw,chak moman tristès,mal dwe baw valè ak konfyans pouw konnen janw fò.

 

Pandanw nan solitid la jwi vi w genyen nan moman,panse janl bèl pou ouvri jew chak maten kontanple solèy la lèl leve,lapli kap tonbe sòti al benyen ak 2 bwa w louvri.

Menm si se jou ki pi difisil la pa janm bliye souri,menm si bagay yo parèt nwa souri,mond lan pa fini se yon etap,fòk ou jwi lavi a nenpot sa kap pase abraze lavi epi viv li nan nenpòt sikonstans,kite mond lan vire.
Ou dwe viv lavi a ak tout erè,pwoblèm ou afwonte,sil anpil sil piti se vi w,pa kite anyen gaspiye viw,sèl Bondye ki ka poze w kezyon sou vi w,devan je l ou inik tankou yon gren sab men inik se kap pi enpòtan.
Kite nwaj yo kouvri solèy la,kite lapli tonbe,aprann benyen anba lapli,kite bèl souri sa sòti,jodi a se jou pou fè kè w konta pa kite l pase,repete avèm”mwen se fanm,mgen anpil valè eseye epi ou dwe natif natal, fò,espesyalman fè kè w kontan. “