kòman poun abiye lèn gen gwo kwis?

Nou se fi epi nou gen fòm se yon bagay nòmal,nou pa ka bay tèt nou manti paske nou pap janm rive gen yon kwis menm jan ak yon manken kò nou pa kontribye pou sa pafwa li vin difiisl poun aksepte jann ye a sa vin pwodwi yon konplèsk lakay nou.

 

Men kòman poun abiye lèn gen gwo kwis
Mwen aksepte”kwis mwen gwo”e map metel an valè
ki stil pantalon poun chwazi lèn gen gwo kwis?san ezite chwazi pantalon pye dwat ki yon tijan evaze,kwis la ap vin gen preske menm volim ak pantalon an.

 

Lòt sak ka mete kwis nou an valè ankò se pantalon sere ak bout patanlon twal,epi fè stil ak kò nou,anvan tout bagay nou sipoze renmen tèt nou epi renmen tout sak sou nou lavi a ap gen plis sans konsa nan vi nou chak

 

Tay wo,nou ka mete kolan depin santin alèz avèl.Mete bout chòt fòl pa twò sere

 

 

mwen vle mèt kwis mwen an valè men mpakapab

 

sin jennen anpil ak gwo kwis la men sa poun fè,mete kòsaj ki gen manch laj,chemiz,rad kou V,rale atansyon yon lòt pati nan kò a,mete kolye,foula anpil lòt bagay ankò ki ka eveye bote a.

 

Ròb ak jip,poun aprann renmen kwis nou fòn eseye tout kalite rad

 

sin pa asire n de fòm nou evite mete pantalon kout jiskaske nou konsidere tèt nou janl ye a.