Ou Fanm,Manman,wap travay tout se yon defi

Tout fi santi misyon yo akonpli lè yo gen timoun nanvi yo,menm si anpil fwa timoun yo rive san yo pat espere tankou nan kolèj,fen inivèsite elatriye.

 

Matènite se yon avanti men ekperyans pou rive akonplil la oubyen rive kotew vle a li pa fasil ditou se tout yon defi.Apre akouchman ak nesans timoun nan,fanm yo gen yon ekperyans san fen kise emosyon ak pè,tout otan jou ap pase epi yo manman anmentan yo se pwofesyonèl.

 

Yap gen pou yo viv ak lide ki pat nan tèt yo anvan sa epi lòt yo pa vle,pandan ke yap pase nan wout ki gen kè kase ak enkyetid sa.Wòl sa yo pat dwe antagonik men kòz kilti kèk peyi se fi a ki pou rèt nan kay pou pran swen timoun yo sèlman epi nèg la al travay,nan tan sa gen lòt enterè ki ale pi lwen ke matènite,tankou travay ak karyè inivèsite,etid,pastan epi medam yo kòmanse ap konprann matènite ka fè yo kontan si yo te planifye pou sa men li pa janm konsa vre paske se pa tout fi ki wèl konsa.

 

 

Poutèt sa wòl sa yo antre nan konfli,gen fi ki chwazi fè manman modèn pou yo ka leve defi pandan yo manman epi yap etidye travay tou,tèlman tan sa konplike li difisil pou nou di sa men moun ki fè ekperyans lan ka plis pale de sa,li enpòtan pou yon bon kominikasyon ak fanmi,papa timoun nan,zanmi pwòch pou yo ka bay èd yo lè sa nesesè
Nan vi sa gen anpil defi men manman se youn nan pi gwo defi pou yon fi,yon timoun pa janm yon pwoblèm pou yon moun pa reyalize rèv li.

 

Kontrèman li dwe e kapab yon motè pou enspire vanyan sòlda sa yo,pou yo ka pouse pou pi devan nan devlope pwofesyonèlman,kenbe pozisyon enpòtan nan sosyete a epi kite bon dosye pou jenerasyon kap vini an.
Manman,pwofesyonèl kap fè yon bon konbinasyon,motivasyon ak yon gwo satisfaksyon.