Konsèy pou fè acha ak konsyans

Ou dwe konsyan lèw pral achte se yon bagay ki preske parèt enposib men jodi a gen anpil fason yo reyalize ke yon konsomatè dwe yon moun ki responsab

 

Men 10 kesyon ou ta dwe poze tèt ou anvanw achte,ak sa wap kap kontwole nenpòt sitiyasyon.

 

1.Eske m bezwen sa map achte a tout bon?

 

2.Tèt mwen map fè plezi oubyen se yon bezwen?

 

3.Eske se pa yon eksè?

 

4.Mkwè m gen youn men jan?

 

 

5. Mka itilize sa plis ke 30 fwa?

 

6.Eske map kab kenbel/netwaye/reparel pou kòm?

 

7.Mwen chache enfomasyon sou pwodwi sa bon kalite epi menm pri a?

 

8.Sam pral fè avèl lèm fin itilizel?

 

9.Sa fèt ak materyèl resiklaj,òganik,ak men,se yon pwodwi lakay oubyen etranje?

 

 

 

10.Yo dim ki moun ki fè pwodwi sa?

 

Li ka difisil poun reponn 5 premye kesyon yo paske moun toujou bezwen achte menm si yo genyen paske gen anpil bagay ki rale atansyon men se pou w konsyan de ki valè bagay ou gen lakay ou,anvanw fè nenpòt depans sitou nan tan sa pa gen kòb.

 

Sak pi enpòtan se achte saw bezwen tout bon an.