Kouman poum konnen si chen m nan ap akouche?

Li gendwa paret san pwoblem,men la yon jan estrese.Sa wap bezwen konnen le chen an nan moman akouchman
Konpòtman chen an

Premye siyal se konpotman chen an,youn ak 2 semen anvan l akouche lap komanse konpote l tankou manman,lap chache yon zon trankil pou prepare nich li.

Tanperati rektal
Antre yon tèmomèt nan deye l,tanperati sa toujou 38 degre,sil pral akouche nan 12 ak 24 edtan lap desann 37 degre anvan akouchman,tanperati a konn varye nan kek chen tankou (37,5 ak 39 degre).Se poun toujou ap pran tanperati chak tan yon semen anvan akouchman.

Lòt siy fizik
Le yon chen ansent wap we tete l devlope plis,li gen let,siw vle we chen an pral akouche yon jou anvan wap we ti dlo vle soti koule blan oubyen jon nan vajen chen an.

parto2

Posti chen an
Se youn nan siy ki montre chen an pral akouche seke le yo pral akouche ,lal nan plas li te prepare a,apre sa kontraksyon yo komanse,sa se siy kle ki montre ke ti chen yo nan wout.

Swen pou chen ki ansent
Li endispansab pou sante bet ou a ak pitit li yo.Yo bezwen yon swen ektrem,dwe gen yon atasyon espesyal ak aspè fondamantal tankou

Alimantasyon
Ogmante kalite manje a pou ti chen yo ka grandi ansante,bay yon ti let chak jou

Aktifite fizik
Mnem sil malad fok ou mennen l soti poul ka fe egzesis pou l ka ansante

Plis lanmou
Pandan ansent lan lap pi sansib ke sa,fok ou bal plis kares,pa kite l pou anpil tan pou kol
Toujou vizite veterine

Pou w ka konen chen an ansent an sante ,pa neglije cheke veterine ak li

parto1