6 bagay ki ka kraze maryaj ou

Maryaj pa pou nenpòt moun li bezwen anpil detèminasyon ak konviksyon pouw ka genyen batay sa chak jou,sa pa vle di maryaj pa bon men se yon responsabilite absoli,byennèt youn pou lòt.Jann diw la pa gen maryaj ki pafè nou konnen ou pap janm vle pou maryaj ou kraze men gen bagay pouw konpran tou.
nou pral diw 6 bagay ki ka fè maryaj ou kraze:

 

1.Lè pa gen tan poun reyini ak zanmin,li enpòtan pouw fè tan ak mariw konsa tou ti tan endividyèl la pa bliyel paske wap anvi soti ak zanmiw mariw pap vle,men jan sa ka pase pou li tou ou pap vlel soti ak zanmi pal moun nan ap toujou bezwen ti tan pou li se yon bagay ki natirèl nan tout moun.

 

2.lè karès la diminye epa menm bagay la ankò pa mande siw se yon moun ki renmen lè moun baw atensyon fèw santi wap viv epi ou te gentan abitye ak yon ekip bagay,nan yon ti tan tout rete yap disparèt li pap fasil menm se sèl jou espesyal ki vin gen bagay sa yo.

 

3.Enfliyans move zanmi ,siw marye sa pa vle di pouw pa gen zanmi oubyen fè lòt zanmi men fòw swiv byen ki kalite moun zanmi sa yo ye eske yo pa antre trò fòn nan kozew ap mariw,ou fèt pou ranje tout afèw ak mariw pou kòw.

 

 

4.Travay nan kay,lè se sèl fi a kap netwaye kay ,fè manje ,mennen timoun lekòl ba yo leson epi mesye a pa deside ede jou lib li sa pa bon paske moun nan pa yon machin,travay ansanm nan kay la pi bon se yon jès senpati tou ak lanmou tout bon.

 

5.kominikasyon,se pa nan tout relasyon ki gen yon bon kominikasyon youn pè pale ak lòt,oubyen lòt la pa bay sa yon chans poul pale de sa kap travesel nan relasyon an tout moun paka viv san kominikasyon.

 

6.Viv tankou vwazen,sèl timoun yo ak kay la yo jere ansanm apre sa youn pa konn sa kap pase nan vi lòt bagay sa ap kraze relasyon an.Nou bezwen chache yon solisyon poun ka mete relasyon an sou pye,anpil fwa nou pa asepte erè nou f paske nou fè yon tounen yon bagay nòmal ki nan tout sa nap fè chak jou.
Li tap bon sin pran tan poun analize, detekte ak korije anvanl trò ta,li pa difisil.