Konsèy pou yon figi klere byen bèl san makiyaj

Siw pa sèvi ak makiyaj fasil ,ou pa gen rezon pouw ap bay tèt ou pwoblèm paskew santiw manke yon bagay
men kèk ti konsèy ki ka edew fè diferans ,lèw pa itilize makiyaj.

 

aplike konsèy sa yo pouw ka bèl epi klere

 

unnamed (11)

 

1.Netwaye figiw chak swa ,siw te mete makiyaj ,lave figiw ak yon savon espesyal ki ka edew retire tout salte figi a te ka genyen.Pa bliye seche figiw lèw fin lavel

 

unnamed (7)

 

2.Nouri pouw ,fè yon konpwès glas anvanw al domi ,sa depan de laj ou ,fè yon mask natirèl yon fwa nan semèn

 

3.Mete bote natirèl ou anvalè,pase lwil zanmann nan sousiw ak plim zyew ,pa bliye idrate bouch ou poul pa pèdi koulèl.

 

unnamed (9)

 

4.Bwè anpil dlo ,si ou bwè kantite dlo pouw bwè nan jounen an wa wè jan kòw ap vin ye li pral detwi enflamasyon nan je, figi ak kèk pati nan kò a, wa pral remake sa tou.

 

unnamed (10)

 

5.Lave figiw ak bikabonat ,lèw pral benyen mete yon ti bikabonat nan figiw,wap we jan pow ap chanje depi premye jou a wap komanse wè chanjman,li retire tach nwa yo tou.