Nou pa dwe konsome anpil sèl

Si nou pran twòp sèl anpil bagay mal ka rive nou tankou:tansyon n ka vin wo kote nou ka rive fè kris tansyon,risk pou maladi nan kè ak pwoblèm acv,sodyòm bon pou kò a vre ,men nou pa dwe abize l twòp,yon ti pousantaj sèl anplis nan manje a pap fè nou byen,janw santi l sale w paka manje l la se konsa òganis la pap santil byen.

 

Pou w kalkile kantite sèl ou manje se yon bagay enposil,men ou ka kontwole valè wap mete nan manje a,sa w mete nan manje yo tout gen sèl.Sodyòm nan ka nan nenpòt bagay nap manje sitou lè nap manje nan lari,siw pran yon titan pouw li sa wap manje a ou te ka gen yon pi bon sante.

 

Zanmann,nwa ak pistach se bagay ki gou yo ye ,men yo toujou ap benyen nan sèl ,si nou achte l san sèl apre nou mete kantite nou vle a lap pi bon ke nou achte l tou sale,se yon opsyon ki ansante.

 

 

Sèl kenbe likid nan kò a sak vin rann tansyon an monte,li devlope tansyon kwonik,pi souvan moun ki soufri maladi kè,tansyon manje anpil sèl.

 

Gen lòt bagay nou ka mete nan manje a pou ogmante kou l nou pa bezwen plede mete sèl paske gou a pa sòti,imajinew nan yon manje ki gen vinèg wap plede mèt sèl.

 

Gen anpil bagay kap rive se yon abitid,men siw deside chanje pa gen anyen ki enposib