Manman pou premye fwa

Lè timoun nan fèt li pote anpil chanjman ak reponsabilite,lèw vin ap panse ak sak pral rive a
anpil fi kon gen pwoblèm tou men se yon bagay nòmal paske se premye pitit li,lap bezwen kèk konsèy nan men moun ki gentan manman deja.Sak pi enpòtan lèw gen premye pitit ou? pa pansew pral pi bon manman paske se premye ekperyans ou,se konesans ou pral chache fè ak timoun nan pou youn konn lòt sa pa vle di tou pouw pa pran responsabilitew.

 

Nan tout konsèy wap jwen yo kenbe sa ki nan avantaj ou a pouw sèvi pa al fòse fè anyen ou paka fè li nòmal pou lòt manman yo pataje lide yo avèw e baw kèk konsèy sa pa vle di pouw pa ekri tout saw ta renmen e janw ta renmen viv lèw akouche.

 

baby-499976__340

 

Depiw kapab nan premye jou akoucham rete yon kote ou ka jwenn yon moun ki pou edew.Lontan depi premye jou akouchman toujou gen anpil moun kap vin visite menm siw pa di moun nan vini men tan kounyea pa lontan tout bagay chache siw vle ou ka resevwa kèk moun ki enpòtan pouw nan premye semèn yo men apre sa pa resevwa nenpòt visit paske pafwa nou konn ak moun nan men nou pa konn kiyès li ye vre.Nan tan sa se fè yon program pou visit nan moman ou santiw ka wè moun tout sa se pou evite estrès paske apre se ti bebe a ki pral soufri sa.

 

Prepare tout afèw pou kòw pa tan se lè jou a rive,depi yon 6 mwa ou ranje malèt ou mezi saw konnen wap gen bezwen nan jou a pa janm kite anyen pou denyè jou sitou timoun yo konn fèt anvan lè.