Eske se yon bon lanmou?

Ou gen yon mwa se komsiw te gen lane,siman w poze tet ou kesyon si se moun ou an sa.Li toujou la pou ou,sitou nan moman ou pi bezwen l lan ,ou paka sispan montrel lanmouw li menm tou ap fe menm bagay la,nou pral di w kek ti detay pou we si se vre ou damou,si se moun an.

Li difisil poun ekplike san santi,pikotman sa kap kouri nan lestomak ou chak tan w pral dil yon bagay,mil fwa wap panse pouw ka fe ke l kontan,pale ak li nenpot le.

Gade pou we si moun ou ak li a kouvri w nan tout pwen sa yo

Li pa panse ak ansyen menaj li_:Li koupe tout relasyon kite ini l ak ansyen menaj li san panse,li pa janm ap plede site non l,li jis konple ak ou.

Ou pa bezwen pale
Pa gen moman li paka resevwa w,ou renmen pale ak li,konsa tou pase moman an silans ansanm

Li few santi w byen
Nou tout yon jan fou pafwa,li fe w santi w nomal,li toujou fe w santi w byen le w tris

Ou ka moun ou ye a
Li we w nan bon ak move tan,li pa janm chanje oipnyon l pou ou,li pa pe sil we fenk leve ni ap wonfle

Li pa fouye bagay ou
Se pa yon bagay ou janm tande”bam we telefon ou”li fe w konfyan,ou fel konfyans li pa janm al nan fouye valiz ni telefon,sa pa janm pase nan tet li.

Ou se pwiyorite l
Sal fe pou ou se bagay li pa janm fe pou moun,nou youn toujou akonpanye lot,li chita gade fim li pa renmen jis poul ka few plezi,sa se anpil sakrifis,sitou siw renmen fim lanou,ou konnen gason gendwa plis renmen fim aksyon.
Li konn kijan poul kalme w le w fache

Li toujou ap chache solisyon pou ou,li fe w santi w byen,li vle plis poul fini ak diskisyon an ke poul bay rezon
Li konn enpotans fanmi

Lal vizite grann ou ave w,li fel ak anpil sajes,souri,li pa janm plenyen le paran w vin we w,li apiye w nan tout bagay wap fe pou fanmi w.

Se pa saw te espere
Fizik ak emosyonèlman se pa sa w te espere pou gason pafe w la,le w komanse ak konnen l ou pa bay bagay sa yo enpotans