Poukisa kafe bon pou kò a?

Kafe ka gen bon gou epi reveye w chak maten,men kisa li ka fè pou sante w?

Yo fè yon etid konpare moun ki bwè kafe ak sak pa bwè yo:

Yo gen mwens chans pou gen dyabèt 2
Mwens chans pou yo gen seri de kansè
Pwoblèm batman kè ak estwok
Maladi Pakindon ak Alzayme
Gen plis bon nouvel ke move nouvèl pou moun kap bwè kafe
Jan nou te diw anvan youn nan bagay kafe a anpeche se dyabèt 2

102411_kahveyi_ilk_kim_buldu_6

Dyabèt 2
Dapre yon etid ki fèt,syantifk yo jwenn an 2005 nan 193.000 moun ki bwè plis ke 6 oubyen 7 tas kafe chak jou,yo gen 35% chans pou yo pa gen dyabèt 2 epi moun ki bwè mwens ke 2 tas nan yon jounen gen 28% chans pou yo pa gen dyabèt 2

Kòman kafe a ka kenbe dyabèt la ba?
Hu di konsa dyabèt la gen aksyon antioksidan,kafe a tou gen mineral ki tankou:mayezyòm ak kromyom,ki ede kò a sèvi ak òmon ensilin yo,ki kontwole sik nan san.Nan dyabèt 2 a kò a pèdi kapasite pou itilize ensilin ak regilye sik la

coffee-171653_960_720

Maladi Kè ak estwòk
Kafe a ka konbat ak plizyè risk pou kriz kadyak ak estwòk,ezanp dyabèt 2 a fè yon moun gen plis chans pou fè maladi kè ak estwòk,se konsa kafe a amelyore risk ki ajite batman kè a nan gason ak fanm,ak mwens risk estwòk serebral nan fanm.

Maladi Pakinson ak Alzayme
Yo bon konsomasyon kafe asosye ak mwens risk maladi sa yo gras ak kafeyin kafe a.Dapre yon etid ki fèt 2009 nan peyi Syèd,montre ke 1400 moun pandan 20 lane ki bwè 3,5 tas kafe chak jou gen 65% chans an mwens pou yo fè maladi Alzayme.

Bwè anpil kafe,fè w al nan twalèt pi souvan,kafe fè moun pipi plis ke saw te gen pou fè a.