Sonje sak pase,se yon bon bagay?

Lè wap reflechi ak sak pase,tout enèji wap santi yo se reyalite yo ye,se pa yon mal.Anpil moun panse lè yap reflechi fòk yo kite sa pase,men se pa tout tan li konsa.Sonje ak ap viv se menm bagay la,paske yon moun ka viv ap sonje,menm sil parèt yon bagay etranj pou moun ap viv ak souvni oubyen nan sa nou panse nap viv.
SaK pwoblèm lèw sonje?

Sonje kijan pou manifeste kèk bagay nan vi w,pa bliye souvni yo vivan,pigaw janm kite yo mouri,si yon jou ou ta bliye ou pap janm sonje saw te viv la.
Enèji gen pouvwa pou fèn sonje sa nou vle,sonje se rekonèt nap konnen yon pati nan kò nou.Poukisa mpral sonje si lidem asosye ak move moman nan lavim?men sa se pa sonje,se jis imajinasyon wap fè kite pasew nan yon moman.Sonje se viv a pati de bèl bagay ki pase nan viw.

 

Sonje se enèji,poze tèt ou yon kezyon sou konpotman mennaj ou,kijan moman lèl fè silans li ye,sonje chak nwit nou dòmi ansanm pou nap panse ak yon bagay nouvo.

Lè yon koup gen premye pitit yo sa yap tann se premye pa timoun nan ap fè poul mache a yap emosyone anpil yap santi sa fè pati kè yo,kounyea lè timoun nan ap grandi paran pral sonje kijanl te ye lèl te piti,zye,premye pa l te fè,paske nou tout fèt inosan.Sak vin pase nan yon tan,yo vin enpoze n jan poun viv,men nou kapab deside chanje frekans lan.

Li toujou bon poun sonje,pafwa kèk souvni fèn pran plis fòs pou viv