Kijan pouw aji lè pitit ou kòmanse gen mennaj?

Kijan pou nou aji lè bagay sa yo komanse ap rive?Pafwa timoun yo grandi twò vit,lè nou pata panse se mennaj nou wè yo genyen,ke nou kase lè n wè yo rive nan pwen sa,sa pou nou fè?kijan pou n aji?ti konsey sa yo pral ede n aji pi byen.

1.Sonje janw te ye,lèw te nan laj yo
Esee kijanw te ye nan adolesans ou,saw te konn fè,saw te konn di,siw pa fin sonje,mande manmanw kijan te ye lèw te nan laj sa paske lap gen sa grave nan lespri l,anvan pouw aji oubyen fè yon bagay fok ou toujou panse kijan nou te ye nan laj pitit nou genyen kounyea.

2.Pa fe jalouzi
Nenepot sa wap tande pigaw kite jalouzi menmen w ale,ou ka pèdi timoun nan li prale lwen,eseye konprann li,lè yon timoun gen mennaj lap okipe tout tanl,panse l,li pap ka gadew nan je,nou pa bezwen diw poul rakonte w sa kap pase l,se yon bagay nomal pouw santi yap vole pitit ou nan menm w,siw pa renmen moun li ak li la,fè yon efo pouw apwoche l pouw ka we sa timoun nan jwenn ki fèl atire de moun sa,fè moun nan vin lakay ou pito pou timoun nan pa nan plede sove al jwenn li,konsa timoun nan pap pase tout jounen l nan lari,siw renmen pitit ou chache jan pouw pwoteje l.

3.Fè bon moun ak mennaj li
Lè mennaj pitit ou vin na kay la,pa bal move jan,fè l santil lakay li,ou pa janm konnen menm si yo jen,sa ka rive li se moun li pou lavi,okenn moun pa konn lavi se poutèt sa nan nenpot sikonstans nou dwe jere sa.

 

4.Pale ak zanmi li yo
Ou santiw jennen ak mennaj pitit ou genyen an?siman timoun nan pa vle pale ak ou de sa,li gendwa santi ou se yon danje pou li,li tap bon pouw pale ak zanmi l yo,konsa ya diw kijan yo we yo,ou gendwa ap bay tet ou anpil pwoblèm poutan timoun yo ap byen pase l.

5.Pale sou sèks ak yo
Nan tan kounyea genle timoun yo pi okouran sou zafe sèks ke nan tan paw la,yo konn tout bagay,menm siw pa kwè sa paske ak bagay entenet sa pa limit pou anyen,lèw santi yo nan pwen pou gen yon relasyon seksyèl,konsa tou yo ka gentan ladan fòk ou pran tout tanw pouw pale ak yo,nou konnen sa ap konplike pou yo,men lap pi bon pouw chita ekplike yo ki danje ki gen nan sa,di yo fok yo toujou sevi ak kapòt,ki danje k gen nan fè sèks twò jen,pa gen chwa nan mal nan mal nèt,li pap janm diw sil fè pitow aprann li pwoteje tèt li ke poul pote yon vant ba ou,oubyen yon maladi konsa tou yon paran ka vin ak pitit li gwo vant pou ti gasonw lan.

6.Mete limit
San depan tanperaman timoun nan,men adolesan yo renmen kite emosyon mennen yo ale,yo pa menm we si yap bò nan lari,mete limit nan yo gen kote yo pa gendwa ap fè sa yo vle,fòk yo renmen ak respè.Mete limit ak telefòn yo,gen lòt bagay pou yo fè siveye si yo dòmi aswe,konsa wa asirew timoun nan pa fè tout nwit lan nan telefon,toujou gade kane yo pouw wè si yo toujou etidye,lè yap manje,fè travay,etidye yo pa sipoze gen telefòn nan men yo,tout bagay gen tan yo.

 

7.Renmen pa vle di bliye responsabilite
Fok timoun nan soumis,renmen pa vle di paran w se enmi,jis aprann yo se pou byen wap pale paske yo jen nenpòt bagay ka pase,ou ka dako l gen mennaj men pika li janm bliye responsabilite l.

Panse ak tèt ou
Ou pase tout tan w ap panse ak timoun nan,fè kolè,san pran souf,kounyea pran swen tèt ou,kit ou pale l se sal vle a lap fè se laj li,se jis aprann konprann laj li ye a,nou konnen ou se bon paran,ki lite pou viw ak pitit ou,men si yo renmen pa antre nan goumen ak yo sa pap rezoud anyen,li tap pi bon pouw panse ak tèt ou,fè aktivite pouw distrè w.