Konsèy pou chwazi dat maryaj ou

Pafwa jou yo chwazi pa yon konbinezon chans ak kantite lajan moun nan genyen.Pouw ka chwazi pi bon jou a yo rekòmande pou gen ase tan epi kenbe l la,li ka yon yon ane,sis mwa anvan jou a.

Sa pouw konnen lè wap chwazi dat maryaj ou

1.Dat espesyal
Pa gen anyen ki pi enpotan ke sin marye nan dat nou te rankontre premye jou,jou nou te renmen,epi nou te fiyanse,se dat romantik ki plen ak bon souvni.

2.Jou nan semèn nan
Jou ki pi bon yo se vandredi,samdi paske nan jou apre a pa gen travay,nan tan sa moun yo plis vle fè maryaj jedi ak dimanch,sitou yon dimanch maten pou moun ki renmen marye lajounen,nan kwayans lontan marye yon jou vandredi favorize yon maryaj ke kontan ak yon lanmou kap dire,marye yon jou dimanch pote abondans,sante,jwa nan nouvo kay sa.

 

3.Sezon nan ane a
Sezon prentan ak ete mwa sa yo pi chè,men gen anpil maryaj ki toujou fèt nan epòk sa yo,se sezon kote moun kap marye yo renmen chwazi pou evite lapli,pou maryaj la ka pase byen.

4.Lajounen oubyen lannwit
Chwazi lajounen oubyen lannwit sa depan jan moun yo vle selebre maryaj la,jou a,sezon an,lannwit paka konpare ak lajounen,koup ki gen anpil stil toujou chwazi aswè,lannwit la pèmèt ou ini ak yon bal.epi anpil limyè.Maryaj la jounen an se tout yon jaden flè,chapo,koulè ki pi senp,selebrasyon sa a toujou fèt yon kote enpòtan pou yon moun ki fè tout jounen an ap fete nan fen jounen an konekte ak yon koktel.

5.Jou lamarye a
fòk fi a siveye pou wè sil pap gen règ li nan jou li deside marye a,pou evite jou,sitou yon fi ki pa janm byen lèl gen règ li

6.Maryaj relijye
pou moun kap marye legliz,bat pou jou a pa lè fèt sen oubyen pak,lap yon jan enposib pou maryaj la selebre nan jou sa yo

 

7.Legliz ak kote pou resepsyon an
Lokal sa yo pi souvan konn gen anpil lis moun kap rèt tan,fè yon jan pou resevasyon paw la toujou fèt anvan lè a

8.Maryaj deyò
Si entansyon an se pou fè maryaj la nan lakou,fè anpil atanson ak sezon nan ane a,chwazi mwa ki fè mwens lapli ak fredi nan ane a,nan sans sa ou dwe fèl nan epòk li fè cho.

9.Maryaj nan plaj
Pou moun ki renmen selebre maryaj nan plaj,siveye siklon ak tanpèt,ak sezon anpil lapli,pou maryaj la ka fèt lwen jou sa yo