Konsèy pou kase vant

Lè vant ou gwo premye bagay ki nan tèt ou se poul pa parèt lèw mèt rad ou chache mete nenpòt bagay ki pou pese vant lan pou l ka parèt janw vle a.Se tout rèv fi vant pla men li pa fasil paske sa mande anpil sakrifis ak detèminasyon
Pa bliye nan moman wap abiye a se pouw kache vant lan epi kreye yon imaj ki fèw parèt mens.

Souvètman konvenab:Yon bon fason pouw kache vant ou se mete bon souvètman ki ka pese vant lan ki pou fè fòm ou parèt bèl,yon bon opsyon se itilize “Faja Spanx” stil Faja sa yo pap nwiw wap santiw pi byen ladan yo ke nenpòt lòt,li fleksib.

 

Itilize “blazers”:Itilize jakèt oubyen ti vès,pa janm bliye mete sa ki rive sou anch ou,bliye sak rive sou senti yo epi stil rad sa yo se meyè bagay pouw mete pou vant lan pa parèt epi yap fèw byen anpil.

 

Mete rad ki gen yon sèl koulè:Chwazi rad tankou tops,kòsaj,yon lòt bagay ankò kap fè vant ou parèt pi byen se mete rad ki gen kou V ak kòsaj ¾ kòsaj manch.

abs-body-calvin-klein-curly-hair-Favim.com-2927381

 

Pantalon fonse:Mete pantalon fonse,pigal gen desen ni lòt stil nan pati bon ren an,toujou bat pouw mete pantalon sou vant ou,poul ka byen pesel,lèw mete anba vant ou se vant lan wap fè parèt plis epi vant lan ka koupe an 2.

 

Pou moun kap chache yon vant plat ap bezwen yon bon rejim alimantè,men se pa sa sèlman,wap bezwen pouw mmete bon souuvètman sou ou tou,pou kò a ka gen fòm epi si rad la pa byen kenbe vant lan kò a gen chans lage,vant moun nan gendwa plat men po a lage paske grès kite gentan akimile a fonn epi po a rete konsa epi sa pral depan gwosè moun nan teye tou,itilize yon bon kilòt oubyen soutyen se ranmase fòm kòw.