Pwoblèm nan je chen

Pifò fwa nou toujou pran swen bèt la sil frape nan tèt oubyen pye l kase,men lòt pati nan kò a toujou rete envisib pou nou,san ke nou pa rann kont ki pwoblèm sa ka pote pi devan.

Lesyon sou po je yo oswa konjonktif yo ka pa rale atansyon,men yo pa tèlman graf sitou sak nan po je a.Gen blesi,enflamasyon ki afekte po je a(kise yon ògan ki responsab pou pwoteje grenn je a)yon veterinè ap trete blesi sa yo byen fasil ak antibyotik,anti-enflamatwa, elatriye,se pwofesyonèl la kap konn sa poul bay chen an.

unnamed (26)

 

Pou je a gen pou misyon pwoteje grenn je a,men sil pa gentan aji nan moman danje a se kle a kap resevwa danje a,sa pral depan nivo blesi a,tretman an pral pou plizyè fwa nan jounen an.

 

Kò etranje nan kle je a fè mal anpil.Je yo enpòtan anpil nenpòt pwoblèm chen an ta gen nan je l se kouri lopital ak li pa kite tan pase pou sa pa agrave,yon fèmen po je a twò fò,si lap plede l grate je l ak pye l,sil griye twòp,je wouj,tout sa se siy pou w kouri al wè yon veterinè ak bèt la,pa bliye yo pa pale,fòk ou toujou pote atansyon an yo,si se pa sa yap soufri an silans