Kite vle abitid sa yo

Premye mezi poun pran sin vle chanje kèk bagay nan yon koup,fòk gen yon efò ki fèt nan tou 2 pati yo,gen bagay nou pap janm bouke fè yo ki pap kote anpil kòb se pa chita nan kay sèlman.

Kominikasyon:Li esansyèl poun konnen sa kap pase nan relasyon an koten vle rive,kisa youn ap atann de lòt nan relasyon an,kijan nou santin chak jou.

 

couple-814825__340

 

2) Vwayaj:Se kle pou fèn chanje kèk abitid se pa tout tan poun al nan retoran fòn planifye kèk voyaj tou li te mèt an pwovens nou pap bezwen anpil kòb poun fè sa tout sa se ekperyans nap fè, aprann konn moun nan plis toujou.
3) Enpwovizasyon:Pratike yon aktivite nouvo chak tan gendwa se espò,al kouri granm maten,al manje yon manje nou pat janm konn manje,voyaj ekzotik bat pouw toujou jwenn yon bagay nouvo pou relasyon an pa mouri.

 

 

4)Chanje rad: Achte nouvo rad pa rete chak tan ak menm rad,menm tenis,men sandal vini ak lòt stil pou ka toujou gen nouvote.
5)Pa bliye tèt nou:Toujou fè espas poun soti ak zanmin,fè zong ak cheven,nou pap santin byen si tout tan nou ak moun nan gen kèk fwa wap bezwen ak zanmiw tou,panse ak tèt nou anvan tout bagay.
6)Sediksyon:Fòk toujou gen chalè nan relasyon an pa bay plas pou yon lòt pa panse nou fin rive menm sin marye,toujou chache fè ti jwèt damou men sa pa vle di poun fè sèks.Lè moman sèks la rive ap gen plis anvi toujou.

 

 

7)Pa gen moun ki koupab:sa pa ta dwe janm fèt lage chaj sou moun oubyen moun nan santil koupab pifò fwa yo se tou de moun yo ki responsab.
8)wikenn:pa fè menm bagay la chak samdi mete plis jwa bat poun ale nan yon lòt restoran oubyen prepare manje nou pi renmen an nan kay la.
Mete ti bagay sa yo an pratik apre na bann repons,yon sèl kalite abitid konn kraze yon relasyon sa ka rive youn nan moun yo santil bouke lal chache lòt moun poul ka jwenn yon bagay nouvo.